Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

18-24 mas

SÒM 19-21

18-24 mas

Kantik 6 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. “Syèl la fè konnen glwa Bondye genyen”

(10 min.)

Sa Jewova kreye yo fè konnen glwa li genyen (Sm 19:1; w04 1/1 19 § 1-2)

Solèy la se yon mèvèy nan kreyasyon an (Sm 19:​4-6; w04 1/6 21 § 8-10)

Nou dwe aprann nan sa Bondye kreye yo (Mt 6:28; g95 8/11 7 § 3)



IDE POU ADORASYON AN FANMI AN: Pran ti tan pou nou obsève sa Bondye kreye yo, epi pale sou sa yo aprann nou sou Jewova.

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Sm 19:​7-9 — Ki sa k montre yo te sèvi ak yon fòm pwezi ki egziste nan lang ebre a nan vèsè sa yo? (it-1 1092)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) TEMWAYAJ PIBLIK. Ofri yon moun fich envitasyon Memoryal la, epi sèvi ak sit jw.org la pou w montre l kote l ka asiste Memoryal la pi pre lakay li. (lmd leson 2 pwen 3)

5. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(4 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Akeyi yon moun ki vin nan Memoryal la paske l te jwenn yon fich envitasyon sou pòt li. Fè aranjman avè l pou w reponn kesyon l yo. (lmd leson 3 pwen 4)

6. Esplike kwayans ou

(5 min.) Diskou. ijwfq 45 — Tèm: Poukisa fason Temwen Jewova yo selebre Soupe Seyè a pa menm ak fason lòt relijyon fè l? (th leson 6)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 141

7. Kreyasyon an ka ede n vin gen plis lafwa

(15 min.) Konvèsasyon. Pase VIDEYO a. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:

Ki jan divès bagay ki gen nan kreyasyon an ede w gen plis lafwa nan Kreyatè a?

8. Etid biblik kongregasyon an

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 127 ak priyè