Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

4-10 mas

SÒM 16-17

4-10 mas

Kantik 111 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. ‘Jewova se sous tout bon bagay mwen genyen’

(10 min.)

Lè n fè zanmi ak moun k ap sèvi Jewova, sa bay gwo kè kontan (Sm 16:​2, 3; w18.12 26 § 11)

Lè nou konnen nou se zanmi Jewova, sa ban nou anpil lajwa (Sm 16:​5, 6; w14 15/2 29 § 4)

Pwoteksyon espirityèl Jewova bay la fè n santi nou an sekirite (Sm 16:​8, 9; w08 15/2 3 § 2-3)

Menm jan ak David, lavi nou gen sans paske nou konsantre sou adorasyon n ap bay Jewova a, li menm ki se sous tout bon bagay nou genyen yo.

MANDE TÈT OU: ‘Ki jan lavi m vin pi bon pase jan l te ye anvan m te konnen laverite?’

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Sm 17:8 — Ki sa ekspresyon “gla je w” la vle di? (it-2 697)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(1 min.) KAY AN KAY. Bay moun nan fich envitasyon Memoryal la. (th leson 11)

5. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) KAY AN KAY. Bay moun nan fich envitasyon Memoryal la. Si moun nan montre l enterese, prezante videyo Sonje lanmò Jezi a, epi fè yon ti pale sou li. (th leson 9)

6. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(2 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Bay moun nan fich envitasyon Memoryal la. (th leson 2)

7. Fason pou w fè disip

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 20

8. Ki jan n ka prepare n pou Memoryal la?

(15 min.) Konvèsasyon.

Nan objektif pou n obeyi lòd Jezi te bay la, nou pral komemore lanmò Jezi dimanch 24 mas, sa ki montre de pi gwo egzanp moun ki te demontre lanmou nan listwa (Lk 22:19; Jan 3:16; 15:13). Ki jan nou ka prepare n pou okazyon espesyal sa a?

  • Patisipe otank posib nan kanpay la pou n envite moun nan diskou espesyal la ak Memoryal la. Fè yon lis moun ou ta renmen envite, epi envite yo. Si genyen ki pap viv nan menm zòn avè w, ale sou jw.org pou w jwenn lè ak kote y ap fè reyinyon yo nan zòn yo a

  • Pandan mwa mas ak avril, ogmante aktivite w nan travay predikasyon an. Èske w ka sèvi kòm pyonye oksilyè pou 15 oswa 30 èdtan?

  • Nan dat 18 mas, kòmanse egzamine evènman enpòtan ki te pase nan lavi Jezi pandan dènye semèn li te pase sou tè a. Ou ka deside ki kantite enfòmasyon w ap li chak jou nan “Pwogram lekti labib pou memoryal ane 2024 la” ki nan paj 6-7 la

  • Nan jou Memoryal la, gade pwogram espesyal Adorasyon nan maten pou Memoryal la sou jw.org

  • Nan Memoryal la, byen akeyi envite yo ak moun ki inaktif yo. Mete w disponib pou w reponn kesyon yo genyen apre Memoryal la. Fè aranjman pou w vizite moun ki te asiste yo

  • Anvan e apre Memoryal la, medite sou ranson an

Pase VIDEYO Sonje lanmò Jezi a. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:

Ki jan n ka sèvi ak videyo sa a pandan kanpay envitasyon Memoryal la?

9. Etid biblik kongregasyon an

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 73 ak priyè