Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Sèvi ak “Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan!” an pou ede moun vin gen lafwa nan Jewova ak nan Jezi

Sèvi ak “Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan!” an pou ede moun vin gen lafwa nan Jewova ak nan Jezi

Pou etidyan Labib yo fè Bondye plezi, yo dwe devlope yon lafwa solid (Eb 11:6). Nou ka touche kè yo lè nou sèvi ak liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an. Liv etid sa a gen vèsè kle, rezònman ki klè, kesyon efikas, videyo ki kaptivan ak bèl foto. Lè nou ede etidyan yo devlope kalite kretyen yo epi vin gen yon relasyon ak Bondye, nou bati ak materyo ki ka reziste ak dife. — 1Ko 3:12-15.

Gen kèk moun ki wè l difisil pou yo imajine yo vin zanmi Bondye, paske yo pa ka wè l. Donk, nou dwe ede yo bati lafwa yo nan pèsonalite Jewova ki gen lanmou.

GADE VIDEYO KI GEN TIT EDE MOUN VIN GEN LAFWA NAN JEWOVA, LÈ N ITILIZE LIVOU KAPAB VIV AK KÈ KONTAN POU TOUTAN!” AN, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki jan nou fè konnen sè a te byen prepare pou etid la?

  • Ki jan l te sèvi ak kesyon l te byen chwazi pou l ede etidyan an reflechi sou Ezayi 41:10, 13?

  • Ki efè videyo a ak vèsè nan Bib la te gen sou etidyan an?

Anpil moun pa konprann ranson an oswa yo pa wè l tankou yon kado Bondye ba yo pèsonèlman (Ga 2:20). Se sa k fè, nou dwe ede yo bati lafwa yo nan sakrifis ranson Jezi a.

GADE VIDEYO KI GEN TIT EDE MOUN VIN GEN LAFWA NAN JEZI, LÈ N ITILIZE LIV “OU KAPAB VIV AK KÈ KONTAN POU TOUTAN! AN, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki jan nou fè konnen frè a te byen prepare pou etid la?

  • Ki jan l te byen chwazi enfòmasyon ki nan seksyon “Aprann plis” la pou l ede etidyan an?

  • Poukisa lapriyè enpòtan anpil pou etidyan an?