Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Èske w pare pou w fè fas ak latwoublay kote w ap viv la?

Èske w pare pou w fè fas ak latwoublay kote w ap viv la?

Toutpandan fen sistèm sa a ap pwoche, nou atann pou latwoublay, zak teworis ak lagè ogmante (Re 6:4). Ki jan nou ka prepare nou pou pwoblèm k ap vini yo?

  • Preparasyon espirityèl: Idantifye prensip ak istwa nan Bib la k ap ranfòse konfyans nou nan Jewova ak nan òganizasyon l lan e k ap ede nou rete net (Pw 12:5; jr 125-126 § 23-24). Kounye a, se moman pou n chèche gen bonjan zanmi nan kongregasyon an. — 1P 4:7, 8

  • Preparasyon fizik: Planifye yon kote pou n abrite nou ak yon rezèv bagay n ap bezwen ki rezonab. Epitou, prepare yon plan pou si n dwe kouri sanzatann. Verifye ankò sa ki nan sak sekou a, epi mete ekipman pwoteksyon pèsonèl ak lajan ladan l. Chèche konnen fason pou n kontakte ansyen yo, e asire n yo konn ki jan pou yo kontakte nou. — Eza 32:2; g17.5 3-7

Pandan latwoublay yo, kontinye kenbe bon abitid espirityèl ou te genyen yo (Fp 1:10). Evite deplase sot yon kote al nan yon lòt sof si nou dwe kouri sanzatann (Mt 10:16). Pataje manje ak lòt bagay ou genyen. — Wm 12:13

GADE VIDEYO KI GEN TIT ÈSKE W PARE POU YON KATASTWÒF?, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki jan Jewova ka ede nou pandan moman katastwòf yo?

  • Ki etap pratik nou ka suiv pou n prepare nou?

  • Ki jan nou ka ede lòt moun ki viktim anba katastwòf yo?