Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Sèvi ak evènman k ap pase toutotou nou yo nan travay predikasyon nou an

Sèvi ak evènman k ap pase toutotou nou yo nan travay predikasyon nou an

Lè Jezi t ap preche, li te konn sèvi ak evènman k ap pase nan epòk li a pou l anseye (Lk 13:1-5). Nou menm tou, nou ka sèvi ak evènman k ap pase yo pou n atire atansyon moun ki enterese nan mesaj Wayòm nan. Apre nou fin pale de lavi a ki chè, yon katastwòf natirèl, latwoublay, moun ki esklav dwòg oswa lòt bagay menm jan an, poze moun nan yon kesyon k ap pouse l reflechi. Ou ka mande l: “Èske w panse ap janm gen yon fen pou bagay tankou. . .?” oswa “ki sa w panse ki solisyon pou. . .?” Epi pataje yon vèsè nan Bib la ki pale sou sijè a. Si moun nan montre l enterese, atire atansyon l sou yon videyo oswa yon piblikasyon ki nan Bwat zouti pou anseye nou an. Toutpandan n ap fè efò pou n touche kè moun yo nan tèritwa nou an, nou swete pou nou “fè tout bagay pou bon nouvèl la”. — 1Ko 9:22, 23.

Ki sijè ki ka enterese moun yo nan tèritwa pa w la?