Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Se pou w wè tèt ou menm jan Jewova wè w la

Se pou w wè tèt ou menm jan Jewova wè w la

“Jewova pran plezi nan pèp li a.” (Sm 149:4). Byenke nou enpafè, Jewova wè bèl kalite nou yo ak sa nou ka fè. Men, pafwa, nou ka twouve l difisil pou n gen yon pwennvi ekilibre konsa sou tèt nou. Nou ka ap goumen ak santiman kòmkwa nou pa vo anyen akoz fason lòt moun trete nou. Oswa, si nou ret konsantre sou erè nou te fè yo, nou ka ap mande tèt nou si Jewova ka renmen nou toutbon. Ki sa ki ka ede nou lè n ap lite ak kalite santiman sa yo?

Sonje Jewova wè pi lwen pase sa lèzòm wè (1Sa 16:7). Sa vle di li menm wè pi lwen pase sa nou menm nou wè sou tèt nou. Erezman, Bib la ka sèvi tankou yon fenèt pou ede nou wè fason Jewova wè nou. Nou ka gade nan fenèt sa a lè nou egzamine vèsè ak istwa biblik ki montre fason Jewova renmen sèvitè l yo.

GADE VIDEYO KI GEN TIT KONVENK KÈ W DEVAN JEWOVA, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki sa egzanp yon moun ki nan yon kous ak egzanp papa l aprann nou sou fason Jewova wè nou?

  • Si yon moun ki te fè yon peche grav suiv etap nesesè yo pou l repare relasyon l ak Jewova, ki jan l ka bay kè l asirans devan Jewova? — 1J 3:19, 20

  • Ki jan frè a te jwenn byenfè nan lekti ak nan meditasyon l te fè sou istwa David ansanm ak istwa Jozafa?