Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Pwoteje tèt ou kont apostazi

Pwoteje tèt ou kont apostazi

Souvan, Satan ansanm ak moun ki anba enfliyans li yo melanje manti ak verite nan objektif pou yo minen lafwa nou (2Ko 11:3). Pa egzanp, Asiryen yo te sèvi ak demi verite ansanm ak manti kri pou yo dekouraje pèp Jewova a (2Kw 32:10-15). Jodi a, aposta yo sèvi ak menm taktik sa yo. Ki jan n ta dwe reyaji devan ansèyman aposta yo? Trete ansèyman sa yo tankou pwazon, paske se sa yo ye! Pa janm li ansèyman sa yo, ni fè kòmantè sou yo ni repete yo. Byen vit, idantifye enfòmasyon yo bay pou kreye dout sou Jewova ansanm ak òganizasyon l lan, epi rejte yo! — Jid 3, 4.

GADE VIDEYO KI GEN TIT MENNEN YON GWO LIT POU LAFWA”! — YON PATI NAN VIDYEO A, EPI REPONN KESYON KI NAN ANNAPRE YO:

  • Poukisa nou bezwen vijilan si n ap sèvi ak tchat sou Entènèt?

  • Ki jan nou ka suiv konsèy nou jwenn nan Women 16:17?