Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Èske w byen sèvi ak Bib sou fòma odyo a?

Èske w byen sèvi ak Bib sou fòma odyo a?

Ki sa Bib sou fòma odyo a ye? Bib sou fòma odyo a se anrejistreman vèsyon revize Tradiksyon monn nouvo a. Y ap pibliye yo sou Entènèt ofiramezi nan kantite lang sa posib. Youn nan aspè enpòtan Bib sou fòma odyo a genyen sèke yo itilize yon vwa diferan pou chak pèsonaj ki nan Bib la. Yo byen mete aksan ak emosyon sou mo yo pou yo transmèt mesaj ki nan Bib la yon fason ki egzak.

Ki jan kèk moun jwenn byenfè nan Bib sou fòma odyo a? Anpil moun ki koute Bib la sou fòma odyo renmen fason l fè Pawòl Bondye a vivan. Yo santi lè yo tande yon vwa diferan pou chak pèsonaj ki nan Bib la, yo ka pi byen imajine evènman biblik yo e yo ka pi byen konprann sa ki ekri a (Pw 4:5). Epitou, anpil moun twouve lè yo koute Bib la sou fòma odyo, sa kalme yo lè yo santi yo enkyè. — Sm 94:19.

Lè n tande y ap li Pawòl Bondye a awotvwa, sa ka gen gwo efè sou lavi nou (2Kw 34:19-21). Si Bib la disponib sou fòma odyo an pati oswa an antye nan yon lang ou ka konprann, èske w ta ka fè l fè pati woutin espirityèl ou lè w koute l regilyèman?

GADE VIDEYO KI GEN TIT FASON YO PWODUI BIB LA SOU FÒMA ODYO — YON PATI NAN VIDEYO A, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE A:

Ki sa ki enpresyone w anrapò ak fason y ap pwodui Bib la sou fòma odyo a?