Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Nou jwenn lajwa lè nou kòmanse konvèsasyon

Nou jwenn lajwa lè nou kòmanse konvèsasyon

Konvèsasyon enfòmèl se youn nan fason ki pi enteresan e ki pi efikas pou n bay yon temwayaj. Sepandan, ide pou n kòmanse yon konvèsasyon an ka fè n santi n strese si nou konsantre nou twòp sou fason nou pral entwodui yon vèsè. Olye pou n ap enkyete nou twòp sou sa nou pral di pou n bay yon temwayaj, konsantre nou pito sou fason pou n demontre n enterese nan lòt moun (Mt 22:39; Fp 2:4). Si pandan yon konvèsasyon vin gen yon okazyon pou w pale sou lafwa w, ou gen anpil zouti ki disponib pou ede w.

Ki jan zouti ki annapre yo ka ede w bay yon temwayaj enfòmèl pandan yon konvèsasyon?

GADE VIDEYO KI GEN TIT “FÈ FILE FÈ” — POU KÒMANSE KONVÈSASYON, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE A:

Ki twa etap ki ka ede nou amelyore kapasite pou n fè konvèsasyon?