Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Èske w prepare pou yon kriz ekonomik?

Èske w prepare pou yon kriz ekonomik?

Nou pa sezi lefètke evènman k ap pase nan monn nan vin kreye yon enstabilite ekonomik nan nivo entènasyonal. Poukisa? Paske n ap viv nan dènye pati dènye jou yo e Bib la avèti nou pou n pa met espwa nou nan “richès ki pa sèten”. (1Ti 6:17; 2Ti 3:1.) Ki sa egzanp wa Jozafa a ka aprann nou anrapò ak prepare nou pou yon kriz ekonomik?

Lè nasyon ènmi yo te menase Jozafa, li te met konfyans li nan Jewova (2Kw 20:9-12). Epitou, li te fè kèk bagay pratik pou prepare nasyon an alavans lè l te ranfòse vil yo e l te mete plizyè gwoup sòlda (2Kw 17:1, 2, 12, 13). Menm jan ak Jozafa, nou fè byen lè nou mete konfyans nou nan Jewova e fè kèk bagay pratik pou n fè fas ak moman difisil yo.

GADE VIDEYO KI GEN TIT ÈSKE W PARE POU YON KATASTWÒF?, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki sa nou ka fè pèsonèlman pou n prepare nou pou yon katastwòf?

  • Ki jan nou ka prepare nou pou nou ede lòt moun?