Yo byen akeyi yon sè ki retounen nan Sal Wayòm.

PWOGRAM REYINYON LAVI NOU AK TRAVAY NOU FÈ Avril 2017

Modèl prezantasyon

Modèl prezantasyon pou Reveye n! e pou nou anseye laverite sou Wayòm Bondye a. Sèvi ak modèl sa yo pou w fè prezantasyon pa w.

TREZO KI NAN PAWÒL BONDYE A

Kite Jewova bay panse nou ak konduit nou fòm

Gran Atizan ki konn travay ajil la ap ede n gen bèl kalite lakay nou, men nou gen efò pa nou pou nou fè.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Byen akeyi yo

Tout moun k ap asiste reyinyon ansanm avèk nou dwe wè antanke kretyen nou gen lanmou nan mitan nou epi yo dwe santi sa tou. Ki jan w ka kontribye pou gen yon bèl anbyans ak anpil lanmou nan Sal Wayòm nan?

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

Èske w gen yon ‘kè k ap pèmèt ou konnen’ Jewova?

Nan Jeremi chapit 24, Jewova Dye te konpare moun ak fig frans. Ki moun ki te tankou bon fig frans yo, e ki jan nou ka imite yo jodi a?

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Ou ka ankouraje yon frè oswa yon sè ki inaktif

Frè ak sè ki inaktif yo kontinye gen anpil valè pou Jewova Dye. Ki jan n ka ede yo tounen nan kongregasyon an?

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

Ann met kran sou nou menm jan ak Jeremi

Jeremi te anonse yo t apral detwi Jerizalèm. Ki sa k te fè l kontinye gen kran?

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik Wayòm yo fè nou gen kouraj

Frè ak sè ki te kan konsantrasyon Sachsenhausen nan te konn chante kantik Wayòm yo e sa te konn ankouraje yo. Kantik yo ka ban nou fòs nan moman eprèv.

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

Jewova te anonse nouvo alyans lan

Nan ki sans nouvo alyans lan diferan ak alyans Lalwa a, e nan ki sans tou li pote byenfè pou toutan?