Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Modèl prezantasyon

Modèl prezantasyon

REVEYE N!

Kesyon: Jodi a, byen souvan, nan fim ak nan televizyon, yo konn prezante yon seri aktè k ap fè bagay mistik, tankou majisyen, bòkò ak manbo, ak vanpi. Sa w panse? Èske bagay sa yo se tou senpleman jwèt, oubyen gen danje ki kache dèyè yo?

Òf: Reveye n! sa a pale sou rezon ki fè bagay mistik yo atire moun konsa e ki sa ki makònen avèk bagay sa yo toutbonvre.

ANSEYE LAVERITE

Kesyon: Ki jan Wayòm Bondye a pral rezoud pwoblèm ki gen nan monn sa a?

Vèsè: Mt 6:10

Verite: Wayòm nan pral met lapè, tèt ansanm ak sekirite sou tè a, jan sa deja fèt nan syèl la.

KI SA WAYÒM BONDYE A YE? (Nouvèl vizit)

Kesyon: [Montre kesyon ou te di w t ap vin reponn nan ki sou do feyè a.] Ki jan lavi a ap ye anba dominasyon Wayòm Bondye a?

Vèsè: Sm 37:29; Eza 65:21-23

Òf: [Montre moun nan bwochi Bon nouvèl la.] Leson 7 nan bwochi sa a montre sa pwomès sa yo ka vle di ni pou ou ni pou mwen. [Kòmanse yon etid Labib nan bwochi a.]

EKRI PREZANTASYON PA W

Sèvi ak menm metòd ki nan modèl sa yo pou w fè prezantasyon pa w.