Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 KORENTYEN 7–9

Seliba se yon don

Seliba se yon don

7:32, 35, 38

Pandan ane ki pase yo, anpil frè ak sè vin aprann konsidere seliba kòm yon opòtinite yo genyen ki ba yo anpil bèl avantaj pou yo fè plis pou Jewova, pou yo fè zanmi ak diferan moun epi vin gen yon pi bon relasyon ak Jewova.

Twa frè ki te preche toupatou nan peyi Ostrali, 1937; Yon sè ki te asiste lekòl Galaad ki fèk rive nan peyi Meksik kote yo asiyen l, 1947.

Yon frè k ap preche nan peyi Brezil; Kèk frè ak sè nan peyi Malawi k ap asiste Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan.

POU MEDITE: Si w selibatè, ki jan w ka pi byen pwofite avantaj sa bay?

Ki jan frè ak sè yo nan kongregasyon an kapab ankouraje selibatè yo epi ba yo sipò yo bezwen?