Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Ki jan w ap prepare w pou Memoryal la?

Ki jan w ap prepare w pou Memoryal la?

Apati ane sa a, n ap gen plis tan pou n prepare n pou Memoryal lanmò Kris la. Lè Memoryal la tonbe lasemèn, nou pap fè reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a pou semèn nan. Lè Memoryal la tonbe nan wikenn, nou pap gen Diskou piblik ak Etid Toudegad la. Èske w ap byen sèvi ak tan sa a ou vin gen anplis la? Menm jan yo te konn fè sa nan premye syèk la, nou dwe fè preparasyon pou evènman sa a ki espesyal (Lk 22:7-13; km 15/3 1). E se nou tout ki bezwen prepare kè nou pou evènman sa a. Ki jan nou ka fè sa?

  • Reflechi sou enpòtans sa genyen pou w asiste l. — 1Ko 11:23-26

  • Priye epi gade ki jan relasyon w ye ak Jewova. — 1Ko 11:27-29; 2Ko 13:5

  • Li enfòmasyon ki baze sou Bib la ki pale sou siyifikasyon Memoryal la epi medite sou yo. — Jan 3:16; 15:13

Gen kèk pwoklamatè ki fè lekti Labib yo bay pou Memoryal la ki nan bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou a epi yo medite sou yo. Gen lòt ki li vèsè yo bay nan tablo ki anba yo. E gen lòt menm ki revize kèk atik Toudegad ki pale sou Memoryal la e sou lanmou Jewova ak Jezi demontre pou nou. Kèlkeswa sa w chwazi pou w etidye a, nou swete pou l ede w vin pi pwòch Jewova ak Pitit li a.