Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Modèl konvèsasyon

Modèl konvèsasyon

●○○ PREMYE RANKONT

Kesyon: Ki objektif Bondye gen pou lèzòm?

Vèsè: Jen 1:28

Pou pwochen vizit: Ki jan nou fè konnen Bondye ap reyalize objektif li gen pou lèzòm nan?

○●○ PREMYE NOUVÈL VIZIT

Kesyon: Ki jan nou fè konnen Bondye ap reyalize objektif li gen pou lèzòm nan?

Vèsè: Eza 55:11

Pou pwochen vizit: Lè Bondye reyalize objektif li a, ki jan lavi a ap ye?

○○● DEZYÈM NOUVÈL VIZIT

Kesyon: Lè Bondye reyalize objektif li a, ki jan lavi a ap ye?

Vèsè: Sm 37:10, 11

Pou pwochen vizit: Ki sa nou dwe fè pou nou la lè Bondye ap reyalize pwomès li yo?

POU KANPAY ENVITASYON MEMORYAL LA (14 mas–7 avril):

“Nou pase lakay ou pou n envite w vin asiste yon evènman espesyal plizyè milyon moun pral asiste. Se anivèsè lanmò Jezi.” Bay moun nan yon fich envitasyon. “Nan fich envitasyon sa a, w ap jwenn adrès kote y ap fè Memoryal la ak lè y ap fè l nan zòn ou an. N ap tou pwofite envite w vin tande yon diskou espesyal k ap fèt nan wikenn anvan Memoryal la.”

Si moun nan enterese, poze kesyon apre a pou pwochen vizit la: Poukisa Jezi te bay lavi l?