Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

“Retire fo dye nou gen pami nou yo”

“Retire fo dye nou gen pami nou yo”

Jakòb te konnen Jewova merite pou nou atache avè l sèlman, menmsi Jewova potko bay yon lwa ki entèdi moun adore zidòl (Eg 20:3-5). Donk, lè Jewova te mande l pou l retounen Betèl, Jakòb te mande tout moun ki te avè l yo pou yo retire zidòl yo te gen pami yo. Epi Jakòb te debarase l ak zidòl yo, petèt moun yo te konn mete yo sou yo kòm gad, sa te gen ladan l zanno (Jen 35:1-4). Nou mèt sèten Jewova te kontan pou aksyon sa yo Jakòb te fè.

Nan epòk nou an, ki jan nou ka montre se ak Jewova sèlman nou atache? Yon bagay enpòtan nou ka fè se lè nou evite kèlkeswa bagay ki gen rapò ak zidòl oswa ak movèzespri. Sa gen ladan l debarase nou ak nenpòt bagay ki gen rapò ak movèzespri epi byen egzamine detant nou yo. Pa egzanp, mande tèt ou: ‘Èske m chwazi detann mwen ak liv oswa fim ki gen vanpi, zonbi oubyen bagay mistik ladan yo? Èske gen detant mwen konn pran ki prezante maji, wanga oswa fetich kòm distraksyon ki san danje?’ Nou ta dwe rete lwen nenpòt bagay Jewova rayi. — Sm 97:10.

GADE VIDEYO “OPOZE AK DYAB LA”, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki pwoblèm ki te rive nan lavi yon etidyan Labib ki rele Palesa?

  • Poukisa li saj pou n chèche èd nan men ansyen yo si n ta mele nan pratik ki gen rapò ak movèzespri?

  • Opoze ak Dyab la, epi pwoche bò kote Bondye. — Jk 4:7, 8

    Ak ki jan de bagay moun ki vle jwenn pwoteksyon Jewova yo dwe debarase yo nèt?

  • Ki aksyon enpòtan Palesa te fè?

  • Nan zòn kote w ap viv la, ki kèk bagay ou ka fè pou w pa vin anba pouvwa demon yo?