Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 32-33

Èske w ap lite pou w jwenn yon benediksyon?

Èske w ap lite pou w jwenn yon benediksyon?

32:24-28

Pou n jwenn benediksyon Jewova, nou dwe fè tout sa n kapab pou n mete enterè Wayòm nan an premye nan lavi nou (1Ko 9:26, 27). Jakòb, ki te aje, te montre l gen etadespri nou ta dwe genyen lè n ap akonpli responsablite nou antanke kretyen. Nou montre n ap chèche benediksyon Jewova ak tout fòs nou lè nou...

  • Byen prepare pou reyinyon kongregasyon an

  • Patisipe regilyèman nan travay predikasyon an

  • Fè tout sa n kapab pou n ede lòt moun nan kongregasyon an

Kèlkeswa jan bagay yo ka difisil pou ou, priye Jewova toutan pou l ede w epi chèche jwenn benediksyon l lè w fè bonjan efò pou w sèvi l.

MANDE TÈT OU: ‘Nan ki domèn nan lavi m m ka fè plis efò toujou pou m jwenn benediksyon Jewova?’