Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Ki sa k pi enpòtan pou mwen?

Ki sa k pi enpòtan pou mwen?

Jakòb te lite ak yon zanj pou yon bagay ki te vrèman enpòtan: benediksyon Jewova (Jen 32:24-31; Oz 12:3, 4). E nou menm? Èske n dispoze fè anpil efò pou n obeyi Jewova pou n ka jwenn benediksyon l? Pa egzanp, si nou dwe chwazi ant asiste yon reyinyon kongregasyon an ak fè siplemantè nan travay nou, ki sa n ap chwazi? Lè nou bay Jewova sa nou genyen ki pi bon nan tan nou, fòs nou ak bagay materyèl nou posede, l ap vide “benediksyon sou nou jiskaske nou pa manke anyen”. (Ml 3:10.) L ap gide nou, l ap pwoteje nou e l ap ban nou sa n bezwen. — Mt 6:33; Eb 13:5.

GADE VIDEYO RET KONSANTRE SOU OBJEKTIF ESPIRITYÈL OU, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki jan yon bagay sè a te renmen te yon eprèv pou li?

  • Ki jan travay nou ka yon eprèv pou nou?

  • Sa k fè Timote te bezwen kontinye fikse objektif menm apre l te gentan yon kretyen ki gen matirite? — 1Ti 4:16

  • Ki sa k pi enpòtan nan lavi w?

    Ki jan nou ka montre ki “travay ki pi enpòtan” pou nou?