Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an — Ann ede moun ki “nan bon dispozisyon” yo vin disip

Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an — Ann ede moun ki “nan bon dispozisyon” yo vin disip

REZON KI FÈ SA ENPÒTAN: Jewova fè semans verite a grandi nan kè moun ki “nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an”. (Tr 13:48; 1Ko 3:7.) Nou travay ansanm ak Jewova lè nou fè tout sa n kapab nan travay predikasyon an pou n konsantre n sou moun ki aji ann amoni ak sa yo aprann yo (1Ko 9:26). Moun n ap etidye Labib avèk yo bezwen konprann li enpòtan pou yo vin kretyen ki batize pou yo ka sove (1P 3:21). N ap ede yo vin disip Kris lè nou aprann yo pou yo fè chanjman nan lavi yo, lè nou aprann yo pou yo preche, pou yo anseye epi pou yo vwe lavi yo bay Jewova. — Mt 28:19, 20.

FASON POU NOU FÈ L:

  • Fè etidyan Labib yo sonje objektif etid la se ede yo “aprann konnen” Jewova epi fè sa ki fè l plezi. — Jan 17:3

  • Ede yo vin gen bon relasyon ak Jewova lè yo rive venk yon seri bagay ki ka anpeche yo fè pwogrè tankou move abitid yo genyen ak move frekantasyon

  • Ede yo vin gen plis kouraj ak lafwa anvan yo batize e apre yo fin batize. — Tr 14:22

GADE VIDEYO JEWOVA DYE AP EDE W LA EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki sa k ka fè yon moun pè vwe lavi l bay Jewova epi batize?

  • Ki jan ansyen yo ka ede etidyan Labib yo vin gen bon relasyon ak Jewova?

  • Ki sa Ezayi 41:10 aprann nou sou Jewova?

  • Ki kalite k ap ede nou sèvi Jewova yon fason ki fè l plezi aktout nou enpafè?

Ki jan nou montre n ap travay ak Jewova nan aktivite fè disip la?