Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Ann chante ak kè kontan pou n louwe Jewova

Ann chante ak kè kontan pou n louwe Jewova

Pandan Pòl ak Silas te nan prizon, yo te chante pou yo louwe Jewova (Tr 16:25). Se sèten sa te ba yo fòs pou yo andire. Èske sa kapab ede nou tou jodi a? Kantik nou chante pou n adore Jewova yo ak lòt chante nou genyen yo kapab ankouraje nou epi ede nou rete fidèl lè n nan eprèv. Sa k pi enpòtan toujou, yo fè louwanj pou Jewova (Sm 28:7). Yo te ankouraje n pou n aprann omwen kèk nan chante yo pa kè. Èske n te eseye fè sa? Nou kapab pwofite moman n ap fè adorasyon an fanmi an pou n aprann chante yo e pou n aprann pawòl ki ladan yo.

GADE VIDEYO TIMOUN YO CHANTE POU YO LOUWE JEWOVA A, APRE SA REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Lè n chante kantik Wayòm yo, ki bon efè sa kapab gen sou nou?

  • Ki preparasyon Sèvis odyo/videyo fè anvan yo anrejistre yon chante?

  • Ki preparasyon paran yo ak pitit yo fè anvan anrejistreman an?

  • Kiyès nan kantik yo ou pi renmen, e poukisa?