Y ap anseye laverite nan peyi Kanbòj.

PWOGRAM REYINYON LAVI NOU AK TRAVAY NOU FÈ Fevriye 2018

Modèl konvèsasyon

Konvèsasyon ki baze sou kesyon : Èske Labib toujou itil nou jodi a? Èske li ale nan menm sans ak lasyans? Èske konsèy li bay yo itil?

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

Egzanp ble ak move zèb yo

Ki sa Jezi montre nan egzanp li te bay konsènan ble ak move zèb yo? Kiyès moun ki simen an reprezante? Kiyès ènmi an ak moun k ap rekòlte yo reprezante?

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Egzanp sou Wayòm nan ak sa yo vle di pou nou

Jezi te itilize egzanp ki senp pou l anseye verite espirityèl ki pwofon. Ki lòt leson nou ka aprann nan Matye chapit 13?

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

Li sèvi ak yon ti gwoup moun pou l bay anpil moun manje

Jezi te mande disip li yo pou yo bay plizyè milye moun manje aktout se te senk pen ak de pwason disip yo te genyen sèlman. Ki sa k te pase e ki sa sa vle di pou nou?

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

“Onore papa nou ak manman nou”

Jezi te montre li enpòtan pou n “onore papa nou ak manman nou”. Èske se pou yon tan sèlman nou t ap bezwen fè sa?

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

Panse ki moun ki nan tèt ou?

Ki sa n dwe fè pou n kite Bondye gide nou? Jezi te montre gen twa bagay ki ka ede n evite gen move panse.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Byen sèvi ak kesyon

Jezi te konn byen chwazi kesyon l ap poze moun k ap koute l yo pou l te ka anseye yo plizyè leson. Ki jan n ka imite fason Jezi te konn anseye lè n ap patisipe nan travay fè disip la?

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

Veye pou w pa bite oswa lakòz lòt moun bite

Jezi te sèvi ak egzanp pou l montre jis nan ki pwen li enpòtan pou n veye pou n pa bite ni lakòz lòt moun bite. Ki sa nan lavi w ki ka vin tounen yon obstak ki ka fè w bite?