Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

“Onore papa nou ak manman nou”

“Onore papa nou ak manman nou”

Lè Jezi te sou tè a, li te mete aksan sou kòmandman ki vin apre a: “Onore papa nou ak manman nou.” (Eg 20:12; Mt 15:4). Se sèten Jezi te santi l alèz pou l di sa paske li te “kontinye obeyi” paran l lè l te jèn (Lk 2:51, nòt). Lè l vin gran, li te veye pou gen yon moun ki pran swen manman l apre lanmò l. — Jan 19:26, 27.

Jodi a tou, jèn kretyen ki obeyi paran yo e ki pale avèk yo avèk respè montre yo onore yo. An reyalite, kèlkeswa laj nou genyen nou dwe onore paran n. Menmsi paran nou vin granmoun, nou dwe kontinye onore yo lè nou koute bon konsèy yo ban nou (Pw 23:22). Mete sou sa, nou onore yo lè nou pran swen yo ni nan domèn fizik ni nan domèn afektif (1Ti 5:8). Kit nou granmoun kit nou jèn, lè nou gen yon bon kominikasyon ak paran nou, nou montre nou onore yo.

GADE DESEN ANIME KI JAN M KA PALE AK PARAN M?, EPI REPON KESYON KI VIN APRE YO:

  • Poukisa w ka twouve l difisil pou w pale ak paran w?

  • Nan ki sans ou onore paran w lè w pale avè yo?

  • Poukisa sa vo lapèn pou w fè efò pou w pale ak paran w? (Pw 15:22)

    Lè w pale ak paran w, sa ka ede w reyisi nan lavi a.