Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Byen sèvi ak kesyon

Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Byen sèvi ak kesyon

REZON KI FÈ SA ENPÒTAN: Si “lide yon moun gen nan kè l tankou dlo ki fon”, nou ka di kesyon yo tankou yon so ki ka rale yo met deyò (Pw 20:5). Kesyon nou yo fè moun k ap koute yo patisipe nan konvèsasyon an. Lè n byen chwazi kesyon nou yo, repons moun yo bay yo ap ede n konnen yon seri enfòmasyon ki vrèman enpòtan. Jezi te konn byen itilize kesyon. Ki jan nou ka imite l?

FASON POU NOU FÈ L:

  • Poze kesyon k ap fè moun di sa yo panse. Jezi te poze yon seri kesyon pou l ka konnen ki sa disip li yo panse (Mt 16:13-16; be 238 § 3-5). Ki kesyon ki ka fè moun di sa yo panse ou ta ka poze?

  • Poze kesyon k ap fè moun rezone. Pou Jezi te korije fason Pyè panse, li te poze l kesyon e li te di Pyè kèk bagay ki te ka ede l jwenn bon repons lan (Mt 17:24-26). Ki kesyon ki ka fè moun rezone ou ka poze pou ede yon moun jwenn bon repons lan?

  • Felisite moun w ap pale avè l la. Jezi te felisite yon espè nan Lalwa paske li te “reponn avèk sajès”. (Mk 12:34.) Ki jan w ta ka felisite yon moun ki bay yon repons?

GADE PREMYE PATI NAN VIDEYO FÈ TRAVAY JEZI TE KONN FÈ A — ANSEYE MOUN EPI REPONN KESYON KI VIN APRE YO:

  • Sa k fè se yon move egzanp sou fason pou moun anseye, menmsi enfòmasyon yo bay yo egzak?

  • Poukisa nou dwe fè plis pase esplike yon enfòmasyon?

GADE DEZYÈM PATI VIDEYO A EPI REPONN KESYON KI VIN APRE YO:

  • Ki jan frè a te byen sèvi ak kesyon?

  • Ki lòt bagay ou wè nan fason l anseye ou ka imite?

Ki efè ansèyman nou bay yo gen sou lòt moun? (Lk 24:32)