Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MATYE 18-19

Veye pou w pa bite oswa lakòz lòt moun bite

Veye pou w pa bite oswa lakòz lòt moun bite

Jezi te sèvi ak egzanp pou l montre nou dwe veye pou n pa bite oswa lakòz lòt moun bite.

18:6, 7

  • Yon ‘obstak ki fè moun bite’ se yon aksyon oswa yon sikonstans ki fè yon moun pran yon move direksyon, ki fè l bite, ki fè l vin dekouraje anpil oubyen ki ka menm fè l tonbe nan peche

  • Tan pou yon moun ta fè yon lòt moun bite, pito li ta mare yon wòch moulen nan kou l epi l lage kò l nan lanmè

Wòch moulen

18:8, 9

  • Jezi te bay disip li yo konsèy pou yo ta pare pou yo pèdi bagay ki gen anpil valè pou yo, tankou yon men oswa yon je si bagay sa yo ka fè yo bite

  • Li t ap pi bon pou w abandone yon bagay ou renmen pou w ka antre nan Wayòm Bondye a olye w kenbe l epi w ale nan Jeyèn nan, sa vle di pou w detwi pou toutan

Ki sa nan lavi m ki ka tounen yon obstak ki ka fè m bite, e ki jan m ka evite bite oswa fè lòt moun bite?