Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MATYE 12-13

Egzanp ble ak move zèb yo

Egzanp ble ak move zèb yo

Jezi te itilize egzanp ble ak move zèb la pou l montre ki lè ak ki jan Jezi t apral pran moun ki fè pati klas ble a, anpalan de kretyen Bondye te kòmanse chwazi pou al nan syèl la depi ane 33 epòk nou an

13:24

“Yon moun ki simen bon semans nan jaden l”

  • Moun ki simen: Jezi Kris

  • Bon semans yo simen: Yo chwazi disip Jezi yo ak lespri sen

  • Jaden: Monn nan

13:25

“Pandan tout moun ap dòmi, yon ènmi l vini, li simen move zèb”

  • Ènmi: Dyab la

  • Tout moun ap dòmi: Lanmò apot yo

13:30

“Kite yo toule de grandi ansanm jiskaske rekòt la rive”

  • Ble: Moun Bondye chwazi pou al nan syèl

  • Move zèb: Fo kretyen

“Rache move zèb yo anvan [...] apre sa, ranmase ble a”

  • Esklav/moun k ap rekòlte: Zanj

  • Move zèb yo ranmase: Yo separe fo kretyen yo ak kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo

  • Ranmase met nan depo: Yo rasanble kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo nan kongregasyon an nan epòk pa nou an

Lè sezon rekòt la te kòmanse, ki sa ki fè vrè kretyen yo te diferan ak fo kretyen?

Ki byenfè m jwenn lefètke m konprann egzanp sa a?