Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | WOMEN 4-6

“Bondye demontre lanmou li gen pou nou”

“Bondye demontre lanmou li gen pou nou”

5:8, 18, 21

Ranson an, ki se yon kado Bondye bay, gen anpil enpòtans nan kesyon defann repitasyon Jewova. Li defann dwa Jewova genyen pou l dirije e li pwouve se fason l dirije a ki pi bon. Anplis de sa, ranson an pèmèt nou zanmi Jewova depi kounye a, e se grasa ranson an tou, tout moun ki obeyi Bondye yo pral viv ak kè kontan pou toutan.

Ki jan nou ka montre nou gen rekonesans pou ranson an ki se yon kado Bondye bay?

  • Se lè nou vwe lavi n bay Bondye epi n batize, sa k ap montre nou gen lafwa nan ranson an epi nou vle vin byen Jewova

  • Se lè n preche bon nouvèl Wayòm Bondye a, sa k ap montre nou imite lanmou san parèy Jewova genyen pou tout kalite moun. — Mt 22:39; Jan 3:16

Ki lòt fason ankò mwen ka montre Jewova mwen gen rekonesans pou ranson an, ki se yon kado?