Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kontinye tann avèk enpasyans e avèk andirans

Kontinye tann avèk enpasyans e avèk andirans

Èske w gen lontan depi w ap tann Wayòm Bondye a vini? Èske w kontinye tann li avèk pasyans e ak andirans malgre tout eprèv ou jwenn (Wm 8:25)? Gen kèk frè ak sè k ap fè fas ak lahèn, k ap sibi move tretman, yo mete yo nan prizon e yo menm fè yo menas pou yo touye yo. Gen anpil lòt k ap pran laj oswa ki oblije viv ak yon maladi ki pa gen tretman.

Lè n ap fè fas ak yon eprèv, ki sa n ka fè pou n toujou anvi ret tann? Nou dwe fè lafwa nou vin pi solid lè n pran tan pou n li Bib la chak jou epi medite sou sa nou li yo chak jou. Nou dwe kontinye panse ak esperans nou an (2Ko 4:16-18; Eb 12:2). Lè n ap priye Jewova, nou dwe sipliye l epi kontinye mande l lespri sen l (Lk 11:10, 13; Eb 5:7). Papa nou ki renmen nou an kapab ede n “andire nèt” epi “pran pasyans ak kè kontan”. — Kl 1:11.

GADE VIDEYO NOU DWE “KOURI AVÈK ANDIRANS” — GEN KONFYANS OU KAPAB GENYEN, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki “malè” ki ka rive sou nou “sanzatann” nan lavi a? (Ekl 9:11)

  • Ki jan lapriyè ka ede n lè nou nan eprèv?

  • Si nou pa ka fè tout sa nou te konn fè nan sèvis n ap bay Jewova a, poukisa nou ta dwe konsantre n sou sa n ka fè?

  • Kite je w fikse sou rekonpans lan

    Ki sa k ede w kontinye gen konfyans w ap rive genyen?