Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an — Lè pou n kanpe etid yon moun ki pa pwogrese

Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an — Lè pou n kanpe etid yon moun ki pa pwogrese

REZON KI FÈ SA ENPÒTAN: Moun yo dwe mete konfyans yo nan non Jewova pou yo ka sove (Wm 10:13, 14). Sepandan, se pa tout moun ki dakò etidye Labib ki vle viv ann amoni ak prensip Jewova yo. Nou byen itilize tan n ap pase nan travay predikasyon an, yon tan ki gen anpil valè, lè nou ede moun ki vle fè chanjman nan lavi yo toutbonvre pou yo ka fè Jewova plezi. Si yon moun n ap etidye Labib avè l pa fè bonjan pwogrè apre n fin pase yon kantite tan rezonab ap etidye avè l, li saj pou n kanpe etid la e pou n sèvi ak tan sa a pou n chèche moun Jewova ap rale vin jwenn li epi vin jwenn òganizasyon l lan (Jan 6:44). Natirèlman, si moun nan vin fè chanjman annapre ki montre l “nan bon dispozisyon pou resevwa lavi ki pap janm fini an”, n ap kontan rekòmanse etid la avè l. — Tr 13:48.

FASON POU NOU FÈ L:

  • Felisite etidyan an dèske l vle gen konesans egzak la. — 1Ti 2:4

  • Mete aksan sou enpòtans sa genyen pou l aplike sa l aprann yo. — Lk 6:46-49

  • Avèk jantiyès, pale avè l sou egzanp Jezi te bay konsènan moun k ap simen an, epi mande l pou l chèche wè sa k anpeche l aplike sa l aprann yo. — Mt 13:18-23

  • Esplike l rezon ki fè w ap kanpe etid la, fè sa avèk ladrès

  • Fè l konnen w ap vizite l detanzantan pou w ankouraje l, e si l fè pwogrè, w ap kapab rekòmanse etid la avè l alavni

GADE VIDEYO A, APRE SA, REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki sa w aprann nan konvèsasyon an ki montre etidyan an pa t ap fè pwogrè pou l vin sèvi Bondye?

  • Ki jan pwoklamatè a te ede etidyan an konprann li bezwen fè chanjman?

  • Ki jan pwoklamatè a te fè etidyan an konprann li dispoze rekòmanse etid la lè etidyan an pare pou sa?