Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EFEZYEN 4-6

“Abiye nou ak tout ekipman konba Bondye bay la”

“Abiye nou ak tout ekipman konba Bondye bay la”

6:11-17

Apot Pòl konpare kretyen yo ak sòlda ki nan lagè. Ènmi nou yo se “espri mechan yo”. Menmsi nou ka parèt fèb e san defans, nou kapab genyen batay la grasa èd Jewova, akondisyon nou “abiye nou ak tout ekipman konba [li] bay la”.

Idantifye chak pati nan ekipman konba a ak sa l reprezante

FÈ YON TI MEDITE: Èske m gen tout ekipman konba Bondye bay la sou mwen?