Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Byen chwazi detant ou yo

Byen chwazi detant ou yo

Poukisa nou dwe byen chwazi detant nou yo? Se paske lè n chwazi yon fim pou n gade, yon chante pou n koute, yon sit pou n vizite, yon liv pou n li oubyen yon jwèt videyo pou n jwe, se chwazi nou chwazi antre sa ki ladan l nan lespri nou. Epi, sa n chwazi gen efè sou konduit nou. Malerezman, pifò nan detant ki gen jodi a gen bagay ladan yo Jewova kondane (Sm 11:5; Ga 5:19-21). Se sa k fè, Labib ankouraje n pou n kontinye reflechi sou bagay k ap onore Jewova. — Fp 4:8.

GADE VIDEYO KI KALITE DETANT MWEN DWE CHWAZI?, APRE SA, REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki sa k fè jwèt sou gladyatè nan vil Wòm tan lontan yo se menm bagay ak kèk detant ki gen jodi a?

  • Ki jan frè ak sè nan kongregasyon an ka ede frè ak sè ki pi jèn yo byen chwazi detant yo?

  • Ki jan Women 12:9 ta dwe gide nou lè n ap chwazi yon detant?

  • Bay kèk bon detant ki gen nan zòn kote w ap viv la.