Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | GALAT 4-6

Yon istwa ki “gen yon sans senbolik” ki enpòtan pou nou

Yon istwa ki “gen yon sans senbolik” ki enpòtan pou nou

4:24-31

Apot Pòl te sèvi ak ekspresyon “gen yon sans senbolik” la pou l montre jan nouvo alyans lan pi bon lontan pase alyans Lalwa a. Lè Kris ansanm ak moun ki pral dirije avèk li yo pral dirije lèzòm yon fason ki montre yo renmen yo, lèzòm ap libere anba peche, enpèfeksyon, soufrans ak lanmò. — Eza 25:8, 9.

 

AGA, FI KI TE ESKLAV LA

Nasyon Izrayèl la ki te anba alyans Lalwa a, ki te gen Jerizalèm kòm kapital

SARA, FI KI PA T ESKLAV LA

Jerizalèm anwo a, pati òganizasyon Bondye a ki nan syèl la

“PITIT” AGA YO

Pèp juif la (ki te pwomèt yo t ap obeyi Lwa Moyiz la) te pèsekite Jezi e yo te rejte l

“PITIT” SARA YO

Kris ansanm ak 144 000 kretyen Bondye chwazi grasa lespri sen pou al nan syèl la

ESKLAV ALYANS LALWA A

Lalwa te fè Izrayelit selon lachè yo sonje yo te toujou esklav peche

LIBÈTE GRASA NOUVO ALYANS LAN

Lafwa nan valè sakrifis Kris la fè l vin posib pou Izrayelit yo libere anba Lalwa ki te montre yo se esklav peche