PWOGRAM REYINYON LAVI NOU AK TRAVAY NOU FÈ Mas 2018
Modèl konvèsasyon
Konvèsasyon ki baze sou kanpay pou envitasyon Memoryal la ak kesyon: Poukisa Jezi te bay lavi l? Ki sa ki vin posib grasa ranson an?
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A
“Nenpòt moun ki vle vin enpòtan pami nou dwe vin sèvitè nou”
Èske nou plis konsantre n sou aspè nan adorasyon n ap bay Jewova a ki ka fè moun wè nou epi fè lwanj pou nou? Souvan, yon moun ki renmen sèvi moun fè travay lòt moun pa wè.
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A
Obeyi de pi gwo kòmandman yo
Ki sa Jezi di ki de pi gwo kòmandman nan Bib la? Ki jan n ka montre nou obeyi kòmandman sa yo?
LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Fason nou ka aprann renmen Bondye ak pwochen nou
Nou dwe renmen Bondye ak pwochen nou. Youn nan fason nou ka aprann gen lanmou sa a se lè nou li Labib chak jou.
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A
Ann kontinye veye nan dènye jou yo
Jodi a, pifò moun kite sa yo bezwen pou yo viv chak jou nan lavi a anpeche yo fè yon seri bagay pou Bondye. Ki jan kretyen k ap veye yo montre yo diferan?
LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Nou toupre fen sistèm sa a
Ki jan pawòl Jezi te di yo montre nou byen fon nan tan lafen an? Yo pale sou kesyon sa a nan videyo Nou toupre fen sistèm sa a.
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A
“Kontinye veye”
Nan parabòl dis vyèj yo, kiyès ki lemarye a, fi vyèj ki prevwayan yo ak fi vyèj ki sòt yo? Ki jan parabòl sa a konsène w?
LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Aprann etidyan nou yo fason pou yo prepare
Depi nan kòmansman etid la, nou dwe ede etidyan nou yo pran abitid prepare etid yo. Ki jan n ka fè sa?