Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MATYE 22-23

Obeyi de pi gwo kòmandman yo

Obeyi de pi gwo kòmandman yo

22:36-39

Toutpandan w ap li Matye 22:36-39, sèvi ak lis ki pi ba a pou w di rezon ki fè li enpòtan pou w asiste reyinyon yo. Mete yo nan lòd ki pi enpòtan pou ou a.

  • Pou w jwenn ankourajman

  • Pou w ankouraje frè ak sè yo

  • Pou w adore Jewova epi montre w renmen l

Poukisa li bon pou n fè efò pou n asiste reyinyon yo menm lè n santi n tèlman fatige e nou santi si n ale nou pap vrèman pwofite?

Ki lòt fason ankò nou kapab montre nou obeyi de pi gwo kòmandman yo?