Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Aprann etidyan nou yo fason pou yo prepare

Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Aprann etidyan nou yo fason pou yo prepare

REZON KI FÈ SA ENPÒTAN: Lè moun n ap etidye Labib avèk yo prepare, yo ka pi fasil konprann epi sonje sa n ap anseye yo. Tank yo plis konprann sa y ap aprann yo epi sonje yo se tank y ap fè pwogrè pi vit. Menm apre yo fin batize, y ap bezwen fè preparasyon pou reyinyon yo ak travay predikasyon an pou yo ka “kontinye veye”. (Mt 25:13.) Kidonk, lè yo konnen fason pou yo etidye e yo pran abitid etidye, sa ap bon pou yo pandan tout vi yo. Depi nan kòmansman etid la, nou dwe ede etidyan nou yo pran abitid prepare etid yo.

FASON POU NOU FÈ L:

  • Se pou w bay bon egzanp (Wm 2:21). Prepare chak etid ou pral fè toutpandan w gen etidyan an nan lespri w (km 11/15 3). Fè l wè piblikasyon pa w la ki souliye

  • Ankouraje l prepare. Yonfwa etid la fin tabli, fè etidyan an konnen li nòmal pou l prepare anvan etid la epi esplike l ki jan sa ap ede l. Ba l kèk sijesyon sou fason li ka rezève tan pou l prepare. Gen kèk anseyan, pandan y ap fè yon etid, yo konn prete etidyan yo liv yo ki deja prepare pou etidyan yo ka wè avantaj sa genyen. Felisite etidyan an lè l prepare

  • Montre l fason pou l prepare. Depi byen bonè, gen kèk anseyan ki pran tan pou yo montre etidyan yo fason pou yo prepare olye yo fè etid la