Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MATYE 25

“Kontinye veye”

“Kontinye veye”

25:1-12

Se vre Jezi te bay parabòl dis vyèj la pou disip li yo Bondye chwazi pou al nan syèl, men, prensip ki ladan l yo valab pou tout kretyen (w15 15/3 12-16). “Kontinye veye, paske nou pa konnen ni jou a, ni lè a.” (Mt 25:13). Èske w ka esplike parabòl sa a Jezi te bay la?

  • Lemarye (vèsè 1) — Jezi

  • Fi vyèj ki prevwayan yo (vèsè 2) — Kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la ki pare pou yo kontinye fè travay yo ba yo fè a epi ki klere tankou flanbo jiska lafen (Fp 2:15)

  • Rèl ki fèt la: “Men lemarye a!” (vèsè 6) — Prèv ki montre prezans Jezi

  • Fi vyèj ki sòt yo (vèsè 8) — Kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki te soti al rankontre lemarye a men ki pa kontinye veye e ki pa ret fidèl

  • Fi vyèj ki prevwayan yo refize pataje luil yo (vèsè 9) — Apre yo fin poze dènye so a, l ap twò ta pou moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki ret fidèl yo ede kèlkeswa moun ki pa ret fidèl

  • “Lemarye a rive” (vèsè 10) — Jezi vin fè jijman yon tikras tan anvan gwo tribilasyon an fini

  • Fi vyèj ki prevwayan yo antre ak lemarye a nan resepsyon maryaj la, epi yo fèmen pòt la (vèsè 10) — Jezi rasanble nan syèl la moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki ret fidèl, men, moun ki pa t ret fidèl yo pèdi privilèj yo te genyen pou y al nan syèl