Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Modèl konvèsasyon

Modèl konvèsasyon

●○○ PREMYE RANKONT

Kesyon: Ki objektif Bondye gen pou lèzòm?

Vèsè: Jen 1:28

Pou pwochen vizit: Ki jan nou fè konnen Bondye ap reyalize objektif li gen pou lèzòm nan?

○●○ PREMYE NOUVÈL VIZIT

Kesyon: Ki jan nou fè konnen Bondye ap reyalize objektif li gen pou lèzòm nan?

Vèsè: Eza 55:11

Pou pwochen vizit: Lè Bondye reyalize objektif li a, ki jan lavi a ap ye?

○○● DEZYÈM NOUVÈL VIZIT

Kesyon: Lè Bondye reyalize objektif li a, ki jan lavi a ap ye?

Vèsè: Sm 37:10, 11

Pou pwochen vizit: Ki sa nou dwe fè pou nou la lè Bondye ap reyalize pwomès li yo?

POU KANPAY ENVITASYON MEMORYAL LA (23 mas – 19 avril):

Nou vle envite w vin asiste yon evènman ki enpòtan anpil. Men fich envitasyon pa w. Vandredi k ap 19 avril la, plizyè milyon moun toupatou sou tè a pral reyini ansanm pou yo komemore lanmò Jezi Kris. Nan fich envitasyon sa a, w ap jwenn adrès kote y ap fè Memoryal la ak lè y ap fè l nan zòn ou an. N ap tou pwofite envite w vin tande yon diskou k ap fèt yon semèn anvan Memoryal la. Tit diskou a se “Fè efò pou n jwenn lavi toutbon an”.

Si moun nan enterese, poze kesyon apre a pou pwochen vizit la: Poukisa Jezi te bay lavi l?