Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Byen ekri lèt n ap voye yo

Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Byen ekri lèt n ap voye yo

REZON KI FÈ SA ENPÒTAN: Apot Pòl te ekri 14 lèt pou l ankouraje kretyen yo, e liv 1 Korentyen an fè pati lèt sa yo. Lè yon moun ap ekri yon lèt, li gen posiblite pou l byen chwazi mo l ap itilize yo, e moun ki resevwa lèt la ka reli l plizyè fwa. Lèt yo se bon mwayen pou n bay fanmi nou ak moun nou konnen temwayaj. Yo se bon mwayen tou pou n bay moun nou pa ka pale avèk yo fasafas temwayaj. Pa egzanp, yon moun gendwa te montre l enterese, men, li difisil pou nou rive jwenn li lakay li. Petèt, gen moun nan tèritwa nou k ap viv nan apatman ki gen gwo sistèm sekirite, nan kay ki gen gwo baryè oubyen nan zòn ki lwen anpil, e nou pa ka jwenn yo pou n pale avèk yo. Ki bagay nou bezwen sonje, sitou lè n ap ekri moun nou poko janm rankontre?

FASON POU NOU FÈ L:

  • Ekri moun nan tankou w t ap pale avè l fasafas. Di l kiyès ou ye depi nan kòmansman lèt la epi di l byen klè pou ki rezon w ekri l. Annapre, ou ka poze l yon kesyon k ap fè l reflechi, epi ankouraje l pou l al sou sit Entènèt nou an. Fè l konnen gen posiblite sou sit la pou l egzamine pati ki rele Leson pou etidye Labib sou Entènèt (men, pati sa a poko disponib an kreyòl) oubyen fè l konnen nou etidye Labib ak moun lakay yo. Site kèk tit ki nan youn nan piblikasyon nou konn itilize pou n etidye Labib ak moun yo. Ou ka mete yon kat JW.ORG, yon fich envitasyon pou reyinyon oswa yon feyè nan anvlòp la tou.

  • Lèt la pa dwe long. Konsa, moun nan ap anvi fin li l. — Gade modèl lèt la.

  • Reli lèt la pou w asire w li pa gen fot, li fasil pou moun nan konprann e li byen prezante. Gade pou w wè si l fè moun nan santi se kòmsi se yon zanmi ki te ekri l, si w pale avèk ladrès e si l ankourajan. Si w ap voye lèt la pa lapòs, asire w ou mete ase tenm sou anvlòp la. Sinon, yo ka fè moun nan peye sa k manke a.