Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Modèl lèt

Modèl lèt
  • Bay adrès pa w. Si w santi sa pa t ap saj pou w bay adrès pa w, ou ka bay adrès Sal Wayòm nan si ansyen yo ba w pèmisyon fè sa. Men, ou pa dwe JANM bay adrès filyal la.

  • Itilize non moun nan si w konnen l. Konsa, ou pap fè moun nan panse se yon lèt pou fè yon piblisite.

  • Veye pou w ekri mo yo san fot, pou w byen suiv règ gramè yo epi byen sèvi ak siy ponktiyasyon yo. Lèt la dwe byen prezante, li pa dwe gen okenn salte. Menmsi w ekri l alamen, li dwe fasil pou moun nan li l. Li pa dwe ni twò rilaks, ni twò serye.

Nan modèl lèt yo bay la, yo suiv pwen sa yo. Nou pa bezwen kopye l mo pou mo lè n ap ekri yon moun nan tèritwa nou. Prezante lèt ou a selon objektif ou genyen, epi jan yo fè sa nan zòn kote w ap viv la.