Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Itilize videyo yo pou w anseye etidyan w yo

Itilize videyo yo pou w anseye etidyan w yo

Lè n itilize bagay moun ka wè nan ansèyman n ap bay, sa kapte atansyon moun yo, sa ede yo konprann e sa ede yo sonje sa n anseye yo. Jewova, Gran Pwofesè nou an, te konn itilize bagay moun ka wè pou l anseye yon seri leson enpòtan (Jen 15:5; Jr 18:1-6). Jezi Kris, Gran Anseyan an, te konn itilize bagay moun ka wè tou pou l anseye (Mt 18:2-6; 22:19-21). Nan dènye ane sa yo, youn nan bagay moun ka wè nou itilize pou n anseye ki efikas anpil se videyo. Èske w byen itilize videyo yo lè w ap anseye etidyan w yo?

Nou prepare dis videyo pou ede n anseye leson ki nan bwochi Bon nouvèl Bondye bay la! Nòmalman, chak videyo gen yon tit ki mache ak youn nan kesyon ki an gra nan bwochi a. Bwochi ki sou sit la gen lyen ki fè n sonje nan ki moman pou n pase chak videyo. Mete sou sa, nan pati Zouti pou anseye a, gen lòt videyo ankò ki mache ak plizyè piblikasyon nou itilize pou n fè etid ak moun yo.

Èske w ap pale sou yon sijè nan Bib la ki ka difisil pou yon etidyan konprann? Oubyen èske w gen yon etidyan k ap fè fas ak yon eprèv? Chèche nan videyo ki sou sit jw.org® la oswa sou Tele JW pou w jwenn yon videyo ki ka ede l. Ou menm ak etidyan an gendwa gade l epi fè yon ti pale sou li.

Chak mwa, gen nouvo videyo ki parèt. Lè w ap gade yo, reflechi sou fason w ka itilize yo pou w anseye lòt moun.