Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | WOMEN 12-14

Ki jan n ka demontre lanmou antanke kretyen?

Ki jan n ka demontre lanmou antanke kretyen?

12:10, 17-21

Lè yon moun di nou oswa fè nou yon bagay ki fè n mal, antanke kretyen, lanmou nou genyen an nonsèlman fè nou pa rann li laparèy, men li ankouraje n tou pou nou fè bèl aksyon anvè moun sa a. Labib fè konnen: “Si ènmi w grangou, ba l manje, si l swaf, ba l yon bagay pou l bwè. Paske lè w fè sa, se anpile w ap anpile chabon ki byen limen sou tèt li.” (Wm 12:20). Bèl aksyon nou poze anvè yon moun ki te mal aji avè n gendwa menm fè moun nan regrèt sa l te fè a.

Ki jan w te santi w lè w te blese santiman yon moun san w pa t vle sa, e aktout sa, moun nan te byen aji avè w?