Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Modèl konvèsasyon

Modèl konvèsasyon

●○○ PREMYE RANKONT

Kesyon: Kiyès Jezi te ye?

Vèsè: Mt 16:16

Pou pwochen vizit: Poukisa Jezi te bay lavi l?

○●○ PREMYE NOUVÈL VIZIT

Kesyon: Poukisa Jezi te bay lavi l?

Vèsè: Mt 20:28

Pou pwochen vizit: Ki jan nou ka montre nou gen rekonesans pou sakrifis Jezi a?

○○● DEZYÈM NOUVÈL VIZIT

Kesyon: Ki jan nou ka montre nou gen rekonesans pou sakrifis Jezi a?

Vèsè: Jan 17:3

Pou pwochen vizit: Ki jan reyinyon Temwen Jewova yo dewoule?

POU KANPAY ENVITASYON MEMORYAL LA (14 mas–7 avril):

“Nou pase lakay ou pou n envite w vin asiste yon evènman espesyal plizyè milyon moun pral asiste. Se anivèsè lanmò Jezi.” Bay moun nan yon fich envitasyon. “Nan fich envitasyon sa a, w ap jwenn adrès kote y ap fè Memoryal la ak lè y ap fè l nan zòn ou an. N ap tou pwofite envite w vin tande yon diskou espesyal k ap fèt nan wikenn anvan Memoryal la.”

Si moun nan enterese, poze kesyon apre a pou pwochen vizit la: Poukisa Jezi te bay lavi l?