Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an — Fason pou n bay moun ki avèg yo temwayaj

Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an — Fason pou n bay moun ki avèg yo temwayaj

REZON KI FÈ SA ENPÒTAN: Anpil moun ki avèg pa santi yo alèz lè y ap pale ak moun yo pa konnen. Donk, sa mande ladrès pou n bay moun sa yo temwayaj. Jewova montre l gen sousi ak lanmou pou moun ki avèg yo (Le 19:14). Nou kapab suiv egzanp li lè nou pran inisyativ pou n ede moun ki avèg yo aprann konnen Jewova.

FASON POU NOU FÈ L:

  • “Chèche” moun ki avèg yo (Mt 10:11). Èske w konnen yon moun ki gen yon avèg nan fanmi l? Nan tèritwa pa w, èske gen yon lekòl oswa yon kote ki pran swen avèg oubyen lòt kote ki ta renmen resevwa piblikasyon nou fè pou moun ki avèg yo?

  • Montre n enterese nan yo. Si n vrèman amikal e n enterese toutbon nan moun ki avèg yo, sa ap ede n mete yo alèz. Eseye kòmanse yon konvèsasyon avèk yo sou yon sijè ki enterese moun nan zòn nan.

  • Ede yo jwenn piblikasyon k ap ede yo aprann konnen Jewova. Pou n ka ede moun ki avèg oswa ki pa wè twò byen yo, òganizasyon an fè yon seri piblikasyon nan divès kalite fòma. Mande yo ki jan yo t ap santi yo alèz pou yo aprann. Siveyan sèvis la dwe apwouve demann sèvitè piblikasyon an fè pou piblikasyon yo nan fòma moun ki avèg yo prefere a.