Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 29-30

Jakòb marye

Jakòb marye

29:18-28

Jakòb pa t konnen alavans ki kalite eprèv li t apral jwenn nan maryaj li. Rachèl ak Leya te vin de matlòt (Jen 29:32; 30:1, 8). Sepandan, byenke Jakòb te jwenn eprèv, li te wè Jewova avè l (Jen 30:29, 30, 43). Alafen, desandan l yo te vin tounen nasyon Izrayèl la. — Rt 4:11.

Nan epòk pa nou an, moun ki chwazi marye yo ap jwenn pwoblèm (1Ko 7:28). Aktout sa, yo kapab reyisi maryaj yo e yo ka gen kè kontan nan yon sèten degre lè yo konte sou Jewova e yo aplike prensip ki nan Bib la. — Pw 3:5, 6; Ef 5:33.