Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Ki moun m ap envite?

Ki moun m ap envite?

Chak ane, nou fè yon efò espesyal pou n envite moun ki nan tèritwa nou pou yo vin asiste Memoryal la avè n. Pifò ladan yo se etranje yo ye pou nou. Nou ta dwe envite moun nou konnen yo tou. Souvan, moun ki jwenn yon envitasyon nan men moun yo konnen gen plis chans pou yo vin asiste (yb08-F 12 § 1; 14 § 1). Ki moun konsa ou kapab envite?

  • Fanmi w

  • Kòlèg travay ou ak kondisip ou

  • Vwazen w

  • Moun ou konn retounen vizite yo, ansyen etidyan ak nouvo etidyan w yo

Anplis de sa, ansyen yo ap envite moun ki inaktif yo. E si yon moun ou konnen pap viv nan zòn kote w rete a? Ou ka jwenn lè ak adrès kote Memoryal la ap fèt nan zòn kote l rete a lè w klike sou ribrik ENFÒMASYON SOU NOU ki anwo nan paj akèy sit jw.org la, epi w chwazi “Memoryal”. Pandan w ap prepare w pou Memoryal ane sa a, panse ak moun ou ka envite, epi fè yo jwenn yon fich envitasyon.