Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN | CHÈCHE JWENN KÈ KONTAN NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

Poze kesyon

Poze kesyon

Jewova, “Bondye ki gen kè kontan an”, vle nou gen kè kontan nan travay predikasyon an (1Ti 1:11). Tank n ap fè efò pou n vin pi maton ladan l, se tank n ap gen plis kè kontan. Lè nou poze kesyon, sa ka fè moun yo enterese, e se yon fason natirèl pou n kòmanse konvèsasyon. Kesyon ede moun reflechi epi ede yo rezone (Mt 22:41-45). Lè n poze yon moun kesyon epi nou pran tan pou n koute repons l ap bay, se kòmsi nou di l: ‘Ou enpòtan pou mwen.’ ​(Jk 1:19). Repons moun nan bay yo ka ede nou wè fason pou n pi byen dirije konvèsasyon an.

GADE VIDEYO KI GEN TIT CHÈCHE JWENN KÈ KONTAN NAN TRAVAY FÈ DISIP LA — CHÈCHE VIN PI MATON: POZE KESYON, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki bèl kalite Jad te montre l genyen?

  • Ki jan Nita te sèvi ak kesyon pou l montre l enterese nan moun l ap pale avè l la?

  • Ki jan Nita te sèvi ak kesyon pou l te ede Jad enterese plis nan bon nouvèl la?

  • Ki jan Nita te sèvi ak kesyon pou l ede Jad reflechi epi rezone?