Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Modèl prezantasyon

Modèl prezantasyon

TOUDEGAD

Kesyon: Ki sa w t ap reponn si yon moun ta mande w ki jan syèl la ye?

Vèsè: Jan 8:23

Òf: Toudegad sa a pale sou sa Jezi ak Papa l fè n konnen sou syèl la.

ANSEYE LAVERITE

Kesyon: Èske w dakò pwofesi sa a nou jwenn nan Bib la dekri sa n ap viv jodi a?

Vèsè: 2Ti 3:1-5

Verite: Piske pwofesi ki nan Bib la ki konsène dènye jou yo ap akonpli kounye a, nou ka gen konfyans pwofesi ki pale sou yon bèl avni yo pral akonpli.

POUKISA NOU DWE ETIDYE LABIB? (Videyo)

Entwodiksyon: N ap montre moun yo yon ti videyo toukout ki montre ki kote nou ka jwenn repons k ap satisfè nou pou yon seri gwo kesyon nou konn poze sou lavi a. [Pase videyo a.]

Òf: Liv sa a montre sa Labib anseye sou fason Bondye pral rezoud pwoblèm ki gen nan monn nan. [Ofri moun nan liv Anseye nou an.]

EKRI PREZANTASYON PA W

Sèvi ak menm metòd ki nan modèl sa yo pou w fè prezantasyon pa w.