Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Fason pou n sèvi ak liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an

Fason pou n sèvi ak liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an

Liv Anseye nou an ansanm ak liv Sa Labib anseye a se menm bagay. Toule de liv sa yo se zouti pou anseye. Se menm verite ki ladan yo e yo parèt nan menm lòd. Sepandan, nan liv Anseye nou an mo yo pi senp e fason yo rezone ladan l lan pi senp tou. Yo fè l pou moun ki gen difikilte pou yo konprann liv Sa Labib anseye a. Li pa gen apendis, yo mete nòt nan plas apendis yo, e nòt sa yo esplike yon fason tou senp kèk mo ak ekspresyon nou jwenn nan paragraf yo. Nou pap jwenn kesyon pou entwodiksyon ak kare revizyon nan chapit yo. Yo mete yon rezime yo fè sou verite ki nan Bib la pito, e verite sa yo yo te deja esplike yo nan paragraf yo. Menmsi se pa liv Anseye nou an y ap prezante pou mwa a, nou kapab ofri l nenpòt lè, menm jan n abitye fè sa pou liv Sa Labib anseye a. Ki jan nou kapab sèvi ak bèl aspè sa yo ki nan liv Anseye nou an lè n ap kondui etid?

REZIME: Metòd nou abitye itilize pou n kondui etid biblik la, ki se li paragraf yo nan liv Sa Labib anseye a epi poze kesyon yo, ap vrèman ede pifò moun. Men, ann sipoze etidyan an pa fin konn lang nan byen oswa li pa konn li byen. Nan ka sa a, nou ka chwazi itilize liv Anseye nou an. Epi, nou ka sèvi ak rezime yo bay sou chak chapit yo kòm baz pou n fè etid la e nou ka ankouraje etidyan an li paragraf yo poukont li. Byen souvan, pandan anviwon 15 minit, nou kapab gentan anseye yon verite biblik ki nan pati sa a. Piske rezime yo pa gen detay ki nan paragraf yo, anseyan an dwe byen prepare etid la e li dwe reflechi sou bezwen etidyan an. Si anseyan an fè li paragraf yo lè l ap kondui etid la, li ka sèvi ak rezime yo pou l fè revizyon.

NÒT: Yo mete mo ak ekspresyon ki nan nòt yo selon lòd yo parèt nan paragraf yo. Anseyan an kapab deside si l ap pale sou nòt ki nan liv Anseye nou an pandan l ap fè etid la oswa si l pap fè sa.