Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EKLEZYAS 7-12

“Sonje Gran Kreyatè w la, pandan w jèn nan”

“Sonje Gran Kreyatè w la, pandan w jèn nan”

Sonje Gran Kreyatè w la lè w itilize kapasite w genyen pou w sèvi l pandan w jèn nan

12:1, 13

  • Anpil jèn gen sante ak fòs pou yo aksepte asiyasyon ki bèl e ki difisil

  • Jèn yo ta dwe sèvi ak tan yo ansanm ak enèji yo genyen nan sèvis Bondye a anvan yo gen limit laj pote

Salomon te sèvi ak yon seri imaj pou l dekri pwoblèm yon moun genyen lè l fin granmoun

12:2-7

  • Vèsè 3: “Medam k ap gad nan fenèt yo wè l fè nwa”

    Pa wè byen

  • Vèsè 4: “Tout medam k ap chante yo vin fèb”

    Pa tande byen

  • Vèsè 5: “Fwi ki bay apeti yo fann”

    Pa gen apeti