Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

“Tout moun konn mari l nan pòtay vil la”

“Tout moun konn mari l nan pòtay vil la”

Yon bon madanm gen bon efè sou mari l. Nan epòk wa Lemouwèl la, lè yon mari te gen yon bon madanm, yo te ‘konnen mari a nan pòtay vil la’. (Pw 31:23.) Jodi a, gen yon seri gason moun gen respè pou yo ki sèvi kòm ansyen ak sèvitè ministeryèl. Si yo marye, kapasite yo genyen pou yo sèvi a depann anpil tou de bon konduit madanm yo ak bonjan sipò madanm yo ba yo (1Ti 3:4, 11). Ni mari yo, ni kongregasyon an apresye yo anpil.

Yon bon madanm ede mari l sèvi nan kongregasyon an, lè l...

  • ankouraje l ak bèl ti pawòl. — Pw 31:26

  • pataje l ak kongregasyon an ak tout kè l. — 1Te 2:7, 8

  • viv yon fason ki senp. — 1Ti 6:8

  • pa poze l kesyon sou bagay ki konfidansyèl nan kongregasyon an. — 1Ti 2:11, 12; 1P 4:15