Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 JAN 1-13; 3 JAN 1-14; JID 1-25

Nou dwe lite pou n rete nan laverite

Nou dwe lite pou n rete nan laverite

Jid 3

Men sa Jezi te ankouraje disip li yo fè: “Fè gwo efò pou nou antre nan pòt ki jis la.” (Lk 13:24). Pawòl Jezi yo fè n konprann nou bezwen lite, nou bezwen fè tout sa n kapab pou Bondye apwouve nou. Bondye te enspire Jid, yon frè Jezi bò kot manman, pou l ekri yon bagay ki ale nan menm sans lan. Men sa l te di: “Mennen yon gwo lit pou lafwa.” Nou bezwen fè bonjan efò pou n fè bagay ki vin apre yo:

  • Reziste devan imoralite seksyèl. — Jid 6, 7

  • Respekte moun ki gen otorite yo. — Jid 8, 9

  • Chèche gen plis konviksyon “nan lafwa nou ki sen anpil”, sa vle di ansèyman kretyen yo. — Jid 20, 21